Aparèy Literè
Aparèy Literè

Bentastico - Aparèy Literè Lyrics

Mar 25, 2021
2
Aparèy Literè Music Video

Aparèy Literè Lyrics

Lè'w ekri pou yo konprann ou
Pou you feel tout pwofon ou
Pou ekriw gen yon lòt gou
Pou eksprime on lòt view
Fòw enkli Aparèy Literè
Aparèy Literè
Fòw enkli Aparèy Literè
Aparèy Literè

Yon teknik itilize pou pwodwi efè nan ekri yo
Pou yon ekriven, ekri byen, esansyèl fòl enkli yo
Rap se pwezi jan pou'w pran Emosyonw pouw eksprimew
Kreyon mesaj, istwa, swa pou esplike ou edike yo!
Pou konpare 2 bagay, metafò ak simil
Simil itilize mo 'tankou' oswa 'kòm'
2 bagay diferan wka marye yo 'act civil'
Wpa bezwen mo sa yo pouw fè metafò
Pa egzanp simil, 'manze inosan tankou zanj'
Metafò tap diw 'manze son ti zanj'
Bèl zye bèl bouch fèw imajinon imaj wi
Vizyèlman deskriptif se yon 'imagery'
Madanm mwen gon jan li relem 'Romeo'
Mromantik so sa se klè man
Son alizyon.. yon ekspresyon pou rele yon
Bagay nan lide san pa mansyone li klèman

Lè'w ekri pou yo konprann ou
Pou you feel tout pwofon ou
Pou ekriw gen yon lòt gou
Pou eksprime on lòt view
Fòw enkli Aparèy Literè
Aparèy Literè
Fòw enkli Aparèy Literè
Aparèy Literè

Ak gen la? ak gen la? bonswa, salut
Ak cho? ak regle? yo bro? akap di?
Bonjou mesye, bonjour madame,
Koman va tus
Gen vibe, janti epi gen vibe radi
Gen sak di men fason l di ka bal plis fon
Chwa mo, style langaj yon ekriven Rele diksyon
Mbèl, mlèd, ah genlè son Benediksyon
Non monchè son okimoron yon Kontradiksyon
Tann tanw tanpri tande
Tankou tank ou tann pouw tann ou Tankou tanp
Tanperaman trankil tante tansyon tankou
Tan tanpèt
Pouw met bèt sou ou fòw al li ti gason
Mo k kòmanse ak menm kosòn son alliteration
Prefigirasyon endike sak pral fèt
Lèm di cheri map vin wèw wgentan Wè sak pral fèt
Olye sex di fe baay kison efemis
Yon mo, ekspresyon endirek ranplase pou febli

Lè'w ekri pou yo konprann ou
Pou you feel tout pwofon ou
Pou ekriw gen yon lòt gou
Pou eksprime on lòt view
Fòw enkli Aparèy Literè
Aparèy Literè
Fòw enkli Aparèy Literè
Aparèy Literè

W'onprann? Manke K ti erè
Gen jann pale kpa dwat e k chaje pil erè
Men on bann mo sa yo chaje pil efè
Kolokalis mo k pa fòmèl oswa literè
'Rès la pou pèp la' kwotasyon epigraf
Pran sann Tande vwam epi klas
Aparèy yo efikas
Kounya pa hen tèt cho epi glas
Mka manjon kay manje
Bouch mwen bon lèm grangou mson Dyab tande
Sa son ipèbòl
Deklarasyon egzajere kpa literal
Men ki jwe wòl
Structure pwen de vi
Structure se fòm aranjman nan yon istwa
Epi Pwen de vi
Yon atitid partikilye, de on bagay, Oubyen fason pou konsidere li
Juxtaposition de bagay ansanm ak efè kontras
Ansyen konn di bon fanmi oubyen move ras
Pa egzanp fè zak pou yon bon rezon
Gen plis aparèy men mbaw 15 pou yon bon rezon

Writer(s): Bentura Lafaille
Copyright(s): Lyrics © DistroKid
Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Post your Interpretation

Attach an image to this thought

Drag image here or click to upload image

The Meaning of Aparèy Literè

Be the first!

Post your thoughts on the meaning of "Aparèy Literè".

Frequently Asked Questions

Lyrics Discussions
by Grupo Frontera, Bad Bunny

1

133
Hot Songs
by Peso Pluma, Anitta

1

72
by Hotel Ugly

1

84
Recent Blog Posts